Kesyon Ki Poze Souvan ak Repons pou kesyon yo

Pwosè sa a se yon pwosè aksyon kolektif ki asiyen Evalyasyon Ponpye/Sekou pou Ane Fiskal 1997-1998; 1998-1999; ak 1999-2000 ak Evalyasyon Ponpye pou Ane Fiskal 2000-2001; 2001-2002; 2002-2003; 2003-2004; 2004-2005; 2005-2006 ak 2006-2007 (ansanm “Evalyasyon yo”). Yon premye pwosè Carl L. Masztal, Joseph A. Graupier, Juana Martinez ak Marisol Fernandez konsène tou. Yo te pwopoze de Règleman apa. Règleman yo se avèk 1) vil Miami, epi 2) kabinè avoka Adorno & Yoss, LLP (“kabinè avoka a.”).

Pati yo te jwenn Règleman an pou rezoud tout konfli ak regle nenpòt ak tout konfli ant Pleyan yo, vil Miami ak kabinè avoka a, jan sa endike nan dokiman an. Règleman yo pa vle di Minisipalite vil la oswa kabinè avoka a dakò pou yo angaje nan move zafè oswa nan move konduit oswa pou yo mal aji oswa pou yo vyole nenpòt lwa oswa règleman nan nenpòt konsiderasyon, eksepte pou sa ki konsène vil Miami pou pòsyon Evalyasyon Ponpye/Sekou ki te adopte pou ane fiskal 1997-1998 ak 1998-1999. Tribinal Siprèm Florid deside pwosè City of North Lauderdale v. SMM Properties se yon pwosè ki legal pou yon Minisipalite pou pibliye evalyasyon pou sèvis ponpye, paske sèvis ponpye pwokire yon benefis espesyal pou pwopriyete a. Kidonk, nenpòt pòsyon Evalyasyon ou te peye te legal nan limit yo te finanse sèvis ponpye. Se sèlman sèvis ijans medikal ki pa kapab finanse atravè Evalyasyon. Apati 14 septanm 2000, Minisipalite vil la te deside yon Evalyasyon li sipòte sou sèvis ponpye sèlman epi kidonk evalyasyon an legal. Pleyan yo endike Evalyasyon an te rete ilegal nan fonksyònman nan limit li finanse sèvis ijans medikal yo. Pa t janm genyen okenn desizyon oswa konklizyon jidisyè sou konfli rival sa yo. Menmsi Tribinal la, nan Litij sa a k ap rezoud la, deside Evalyasyon Ponpye/Sekou yo te resevwa nan ane fiskal 1997-1998 ak 1998-1999 pa t konstitisyonèl nan limit li te evalye pou sèvis medikal ijan, Tribinal la pa pran desizyon oswa pa fè konklizyon pou endike Evalyasyon Ponpye/Sekou oswa Evalyasyon Ponpye a te enkòrèk pase sa ki endike anwo a. Ni li pa t detèmine limit, si genyen, Evalyasyon Ponpye/Sekou te fèt yon fason inadmisib pou sèvis medikal ijan yo. Pleyan yo prezante reklamasyon tou kont kabinè avoka pou aksyon ak inaksyon posib ki gen pou wè ak premye pwosedi yo kont Minisipalite vil la nan pwosè sa a. Kabinè avoka a, san admèt responsablite ak kontestasyon toudenkou kont reklamasyon Pleyan yo, chwazi pou rezoud aksyon sa a. Kidonk, menmsi Pati yo dakò pou Règleman yo ak yon pwosesis ranbousman, pa t genyen desizyon okenn Tribinal ki endike Gwoup la genyen dwa pou jwenn yon ranbousman, oswa kantite lajan ki endike a. Ni pa t genyen desizyon okenn Tribinal ki endike Gwoup la genyen dwa pou resevwa lajan nan kabinè avoka a.
Tribinal la pa t pran desizyon anfavè Pleyan yo, Minisipalite vil la oswa kabinè avoka a. Olye sa, diferan pati yo dakò pou rezoud sa. Nan fason sa a, yo evite peye frè yon pwosè, epi moun ki kalifye yo ap resevwa konpansasyon.

Litij la asiyen Evalyasyon Ponpye/Sekou pou Ane Fiskal 1997-1998; 1998-1999; ak 1999-2000 ak Evalyasyon Ponpye pou Ane Fiskal 2000-2001; 2001-2002; 2002-2003; 2003-2004; 2004-2005; 2005-2006 ak 2006-2007 ak lejitimite Premye swadizan Règleman Pwosè 98-11208 CA 31.

Pleyan an te fè pwosè sa a sou non yo ak sou non lòt moun ki nan menm sitiyasyon an epi k ap chèche jwenn yon ranbousman pou Evalyasyon yo te peye pandan ane fiskal ki endike anwo a.

Atravè litij la, Minisipalite vil la ak kabinè avoka a konteste alegasyon enpòtan Pleyan yo fè epitou Minisipalite vil la ak kabinè avoka a konteste nenpòt ak tout responsablite ak domaj-enterè pou nenpòt moun parapò ak enfòmasyon oswa kòz aksyon ki sipoze nan litij la, epi yo kontinye ap fè sa.
Manm Gwoup la genyen ladan tout moun oswa enstitisyon ki te posede pwopriyete nan vil la epi ki te peye Evalyasyon Ponpye/Sekou pou Ane Fiskal 1997-1998; 1998-1999; ak 1999-2000 ak Evalyasyon Ponpye pou Ane Fiskal 2000-2001; 2001-2002; 2002-2003; 2003-2004; 2004-2005; 2005-2006 ak 2006-2007. Minisipalite vil la eskli nan Gwoup la. Men, ansyen ak aktyèl anplwaye, ajan, reprezantan, ofisyèl, ofisye Minisipalite vil la ak manm fanmi pwòch yo, ki reprezante kapasite endividyèl yo kòm pwopriyetè kay epi ki te peye Evalyasyon yo, pa eskli nan gwoup la.
Yon "Aksyon Kolektif" se yon pwosè ki fèt sou non tout moun, oswa enstitisyon ki afekte menm jan nan alegasyon ki prezante devan Tribinal la. Depi Tribinal apwouve Gwoup la, epi li rive jwenn yon règleman, tout manm yo, ki fè pati “Gwoup la,” ap resevwa yon pòsyon nan nenpòt domaj-enterè yo dwe bay yo si Règleman an apwouve.
Toudabò, ou dwe deside si ou vle patisipe nan Règleman yo, oswa si ou vle eskli tèt ou nan youn oswa nan toulède Règleman yo. Si ou vle patisipe nan Règleman yo, ou dwe soumèt yon Fòmilè Demand Ranbousman anvan 21 oktòb 2008. Si ou vle patisipe nan Règleman yo, men ou pa dakò avèk Règleman yo, ou kapab soumèt yon Objeksyon. Ou dwe mete fè Tribinal la ak pati yo konnen Objeksyon ou. Si ou vle eskli tèt ou nan Règleman yo, ou dwe fè Administratè Gwoup la ak Tribinal la konnen sa.
Tribinal la deziyen avoka pou reprezante Gwoup la. Konsèy defans Gwoup la ap mande Tribinal la domaj-enterè ki jis ak frè ak depans avoka ki rezonab. Ou p ap genyen pou peye Konsèy defans lan. Ou kapab anboche pwòp avoka ou, si ou vle. Men, si ou ta deside pou fè sa, se oumenm k ap responsab pou peye frè ak depans avoka sa a.
Non. Ou p ap genyen pou prezante nan Tribinal, ni ou p ap genyen pou bay okenn temwayaj. Sèl sa w ap genyen pou fè se soumèt Fòmilè Demand Ranbousman ou.
Dapre Akò yo, si yo apwouve li, chak manm Gwoup la ki kalifye genyen dwa pou resevwa yon ranbousman pou yon pousantaj Evalyasyon Ponpye/Sekou ak/oswa Evalyasyon Ponpye Minisipalite a te resevwa ant ane fiskal 1997-1998 jiska ak nan ane fiskal 2006-2007. Kantite lajan ranbousman dwe detèmine dapre kantite reklamasyon valid ki soumèt. Se Administratè a ki dwe detèmine metòd ki itilize pou kalkile kantite lajan Ranbousman chak manm Gwoup ki kalifye, epi Tribinal la dwe apwouve metòd sa a tou.
Chak manm Gwoup la dwe jwenn dwa pou fè demand yon ranbousman dapre pwosedi ak dat limit ki prezante Akò Règleman yo. Ou dwe ranpli yon Fòmilè Demand Ranbousman epi ou dwe bay dokiman kòm prèv rezonab, k ap genyen ladan sètifikasyon anba deklarasyon sou sèman ki endike ou posede pwopriyete a, dokiman ki idantifye demandè a, ak dokiman ki pwouve peman evalyasyon an. Si dosye yo diferan ak dosye Administratè a, ou kapab genyen obligasyon pou bay prèv adisyonèl ki plis pase sa ki nan sètifikasyon an. W ap bezwen voye Fòmilè Demand Ranbousman ou pa lapòs ba Administratè Règleman an nan:

Masztal v City of Miami Settlement Administrator
PO Box 3170
Portland, OR 97208-3170

Administratè a kapab mande prèv adisyonèl sou chak ka, si sa nesesè. Tenb ki sou anvlòp Fòmilè Demand Ranbousman an dwe date anvan dat limit pou soumèt li a, 21 oktòb 2008, pou yo kapab konsidere li. Yon Fòmilè Demand Ranbousman apa obligatwa pou chak pwopriyete ou posede oswa pou chak pwopriyete ou te posede nan vil Miami pandan peryòd gwoup la.
Dapre Règleman ki pwopoze a, pati yo prevwa peman reklamasyon ki pral fèt an oktòb 2008 yo kapab fèt dapre Règleman Tribinal yo apwouve.
Dapre Règleman yo, si ou pa eskli tèt ou kòrèkteman ak alè nan gwoup la, y ap kwè ou anile pou toutan nenpòt dwa ou genyen pou ale lajistis dapre nenpòt reklamasyon tankou sa yo jwenn règleman pou li yo, menm si reklamasyon sa yo fè pati yon lòt pwosè.
Si tribinal la apwouve Règleman yo epi ou pa soumèt yon Fòmilè Demand Ranbousman nan dat 21 oktòb 2008 oswa anvan dat sa a, w ap genyen obligasyon pou respekte lòd ak jijman final tribinal la epi w ap genyen entèdiksyon pou toutan pou fè nenpòt reklamasyon pou ranbousman Evalyasyon Ponpye/Sekou ak/oswa Evalyasyon Ponpye Minisipalite vil la te resevwa ant ane fiskal 1997-1998 jiska ak nan ane fiskal 2006-2007.
Si ou pa vle patisipe nan youn oswa nan toulède Règleman yo, ou kapab mande pou yo eskli ou. Pou fè demand esklizyon nan nenpòt oswa nan toulède Règleman yo, ou dwe soumèt yon demand alekri anvan 20 out 2008 ba Grefye Tribinal la nan:

Clerk of the Court
73 West Flagler St
Miami, FL 33130

Ou dwe tou voye demand ekri a pa lapòs anvan 20 out 2008 ba Administratè a nan:

Masztal v City of Miami Settlement Administrator
PO Box 3170
Portland, OR 97208-3170

Demand ou pou esklizyon an pa dwe prezante nan nenpòt fòm patikilye, men manm Gwoup la, siksesè kalifye oswa reprezantan legal dwe siyen li. Demand lan dwe genyen ladan tou yon deklarasyon sou Règleman ou vle eskli ladan nan Règleman (Minisipalite vil la oswa kabinè avoka a oswa toulède). Ou pa bezwen endike okenn rezon pou demand esklizyon ou paske ou pa bezwen genyen okenn rezon pou fè sa. Tanpri asire ou ekri mo “Exclusion Request” (demann pou esklizyon) sou kwen gòch pa anba devan anvlòp yo. Nenpòt manm Gwoup la ki pa fè demand pou esklizyon an kapab genyen obligasyon pou respekte tout dispozisyon Akò Règleman yo.
Non. Si ou eskli tèt ou nan youn oswa nan toulède Règleman yo, sa vle di ou abandone dwa ou pou rele Minisipalite vil Miami oswa kabinè avoka a lajistis pou reklamasyon Akò Règleman yo rezoud. Si ou genyen yon pwosè annatant, pale avèk avoka ou konsènan pwosè sa a imedyatman. Ou dwe eskli tèt ou nan youn oswa nan toulède Akò Règleman yo pou kontinye pwòp pwosè ou si pwosè a gen pou wè ak pwoblèm ki endike nan pwosè yo jwenn règleman pou yo a. Dat limit esklizyon se 20 out 2008.
Non. Si ou eskli tèt ou, pa voye yon Fòmilè Demand Ranbousman pou reklame okenn benefis.
Si Tribinal la apwouve Règleman yo epi si li sètifye Gwoup la, Konsèy Defans Gwoup la ap reprezante tout manm Gwoup la ki pa “fè demand esklizyon”.
Non. Ou pa bezwen yon avoka pou w kapab patisipe nan Règleman yo. Ou pa genyen obligasyon legal pou genyen yon avoka apa. Menmsi ou pa bezwen anboche yon avoka apa, pa genyen anyen ki anpeche w fè sa. Men, sa ta lakòz se oumenm ki depanse pou sa.

Si ou tonbe nan definisyon Gwoup la, ou fè pati Gwoup la otomatikman, sof si ou pran mezi ki endike nan Avi a pou eskli tèt ou nan Gwoup la. Men, menm si yon moun oswa yon enstitisyon fè pati Gwoup la, li toujou dwe soumèt yon Demand Ranbousman konsènan chak pasèl pwopriyete a.

Si Tribinal la apwouve Règleman yo epi si li sètifye Gwoup la, Konsèy Defans Gwoup la ap reprezante otomatikman tout manm Gwoup la ki pa “fè demand esklizyon”. Ou pa bezwen kontakte yo.
Wi. Si ou tonbe nan definisyon Gwoup la, ou anmezi pou patisipe nan Règleman yo, menm si ou anboche yon avoka apa – sof si ou deja jwenn yon règleman epi ou abandone reklamasyon yo avèk reprezantasyon ak patisipasyon yon avoka. Sonje, menm si ou tonbe nan definisyon Gwoup la, ou fè pati Gwoup la otomatikman, sof si ou pran mezi ki endike nan Avi a pou eskli tèt ou nan Gwoup la.

Patrick A. Scott, Esq.
Richard L. Williams, Esq.
Michael Garcia Petit, Esq.
2800 Miami Center
201 S. Biscayne Blvd.
Suite 2800
Miami, FL 33131-4330

Frè ak depans avoka Konsèy Defans lan ap peye nan Fon Komen an (sa defini nan Akò Règleman yo) jan Tribinal la detèmine sa.
Si ou pa eskli tèt ou nan Règleman an epi si ou vle fè objeksyon kont sa, ou kapab vini nan Odisyon san Patipri a poukont ou, konsèy defans lan kapab reprezante ou ladan, oswa ou kapab anboche avoka ou avèk lajan ou. Odisyon san Patipri a ap fèt 9 septanm 2008. Pou yon manm Gwoup la fè objeksyon, li dwe soumèt, alekri, nan dat 20 out 2008 oswa anvan dat sa, yon avi 1) kalite egzat objeksyon an (yo), 2) tout enfòmasyon ou vle konsidere pou sipòte objeksyon ou yo (prezante yo an detay), epi 3) tout lwa (avèk sitasyon legal espesifik tou) ou vle konsidere pou sipòte objeksyon ou yo. Si, anplis objeksyon ekri ou yo, ou vle vini poukont ou nan odisyon an, oumenm oswa avoka ou dwe soumèt yon Avi Entansyon pou Prezante, epi Avi a dwe date anvan 20 out 2008.

Nan dat 20 out 2008 oswa anvan dat sa a, ou dwe soumèt objeksyon ou ba Grefye Tribinal la epi ou dwa voye li pa lapòs ba Konsèy Defans gwoup la ak Konsèy Defans lan. Si ou pa respekte dat limit sa a, y ap anile objeksyon ou.

Grefye Tribinal:
Clerk of the Court
Circuit Court, Eleventh Judicial Circuit in and for Miami-Dade County, FL
73 West Flager St
Miami, FL 33130

Konsèy Defans:
Julie O. Bru, City Attorney
Office of the City Attorney
444 SW Second Ave, Ste 945
Miami, FL 33131
Thomas E. Scott, Esq.
Scott A. Cole, Esq.
Cole, Scott & Kissane, P.A.
1390 Brickell Ave, Third Floor
Miami, FL 33131

Konsèy Defans Gwoup la:
Patrick A. Scott, Esq.
Richard L. Williams, Esq.
Michael Garcia Petit, Esq.
2800 Miami Center
201 S. Biscayne Blvd.
Suite 2800
Miami, FL 33131-4330

Counsel for Adorno & Yoss, LLP
Ronald L. Kammer, Esq.
David P. Hartnett, Esq.
Hinshaw & Culbertson, LLP
9155 S. Dadeland Blvd.
Suite 1600
Miami, FL 33156
Objeksyon se senpleman lè ou fè Tribinal la konnen ou pa dakò avèk yon bagay konsènan Règleman yo. Ou kapab fè objeksyon sèlman si ou rete nan Gwoup la. Esklizyon tèt ou se lè ou fè Tribinal la konnen ou pa vle patisipe nan Gwoup la. Si ou eskli tèt ou, ou pa genyen baz pou fè objeksyon paske pwosè a p ap afekte ou ankò.
Yon Odisyon san Patipri ap fèt nan dat 9 septanm 2008 a 10:00 EDT, nan Tribinal Itineran Onzyèm Sikui Jidisyè nan ak pou Konte Miami-Dade, Florid. Sèl kesyon y ap deside nan Odisyon san Patipri a se si Gwoup la ta sètifye ak si Règleman yo kòm yon ansanm se ta Règleman ki jis, rezonab ak apwopriye epitou si yo ta apwouve Règleman yo ak aksyon ki rejte avèk prejidis. Y ap konsidere kritè ak pwosedi pou trete reklamasyon yo anba Règleman yo nan Odisyon san Patipri sa a. Ou pa bezwen vini nan odisyon an sof si ou soumèt yon objeksyon kont Règleman yo epi si ou vle pou yo tande vwa ou nan odisyon an.
Non, men ou pa genyen pwoblèm pou vini sou pwòp depans ou.
Si ou pa soumèt yon Demand Ranbousman, ou p ap anmezi pou resevwa benefis Règleman yo. Men sof si ou eskli tèt ou, w ap rete yon manm gwoup la.
W ap jwenn enfòmasyon adisyonèl sou sit wèb sa a. Espesyalman, ou kapab jwenn yon kopi Akò Règleman Aksyon Kolektif la oswa Avi Règleman/Fòmilè Demand Ranbousman Aksyon Kolektif depi w klike la a. Ou kapab anmezi pou jwenn enfòmasyon adisyonèl depi w pale sou sa avèk reprezantan pou Règleman yo. Pou pale avèk yo, ou kapab rele yo gratis nan nimewo 1-800-981-7567.

PA EKRI Grefye Tribinal la oswa pa rele Minisipalite vil Miami.
Non, w ap resevwa yon ranbousman, kit ou bay SSN oswa TIN ou kit ou pa bay li.

Tanpri konnen nou, Administratè Règleman an, mande SSN/TIN ou. Demand lan pa sòti nan Konsèy Defans Gwoup la, Minisipalite Miami oswa kabinèt avoka Adorno & Yoss, LLP. Nou mande SSN/TIN ou sizoka ranbousman ou resevwa a depase $600, ki se limit nou dwe itilize pou fè IRS konnen ou resevwa lajan. SSN/TIN ou se enfòmasyon estanda nou mande tout règleman aksyon ou n ap trete a, ki rive nan anpil milye nan peyi a jiska prezan.

Baz done nou pwoteje epi nou PA divilge enfòmasyon SSN/TIN ba moun ki pa nan IRS.

Men, si ou pa alèz pou ban nou enfòmasyon sa a, tanpri kite espas la vid. Jan sa endike, sa P AP afekte ranbousman ou.